Digicel vle avize popilasyon an jeneral e espesyalman kliyan li yo ke sitiyasyon peyi a gen gwo enpak sou operasyon li yo

Pòtoprens, 13 Septanm 2022

Digicel vle avize popilasyon an jeneral e espesyalman kliyan li yo ke sitiyasyon peyi a gen gwo enpak sou operasyon li yo. Akoz difikilte deplasman a travè tout peyi a, operasyon tankou mentnans ak reparasyon nan antèn ak fib optik e tout lòt aktivite operasyonèl vin pi difisil. Nan kèk zòn anpil nan fib optik nou yo ap sibi gwo domaj akoz pye bwa ki koupe pou fè barikad oswa wout ki fouye pou fè barikad.

A 3è maten a, nou te gen yon fib optik ki te koupe nan zòn Monri ki te afekte entènèt nan depatman Latibonit ak Nòdwès la. Koupi sa te lakoz 174 antèn patka fonksyone. Men aprè anpil manèv e dilijans ekip teknisyen nou yo rive pase e ranje l pou sèvis la te ka retabli.

Nap raple popilasyon a ke konpayi a ap kontinye fè tout sa l kapab pou pèmèt kliyan l yo rete konekte nan sitiyasyon difisil sa, e nou pwofite mande popilasyon an pou pote kole pou ede l pwoteje enfrastrikti l yo.

Ankò yon lòt fwa, n ap ekskize n e n ap remèsye kliyan nou yo pou pasyans ak konpreyansyon yo.

 

 

Rmobil

Lorem ipsun dolor sit amet!

Laissez un commentaire

Sign up for the Newsletter

infos dynamiques et Authentiques